Publicités
La Redaction 31 octobre 2019
Wildy Taylor Lorthé
Wildy Taylor Lorthé
Wildy Taylor Lorthé

Rezon lèt la : Lèt tou louvri pou ekselans Prezidan Jovnèl Moyiz

Prezidan Moyiz,
Mwen pèmèt mwen ekri’w lèt sa pandan m’ap karese rèv ke w’ap gen posibilite
pou’w li’l. Mwen ekri’w lèt sila-a kòm sitwayen ayisyen, e kòm moun ki konn sa
ki rele viv e ki ta renmen frè’l ak sè’l yo viv.
Pou’m kòmanse, antan ke sitwayen, elektè, mwen ta renmen fè’w konprann ke se
pat yon bann zannimo ki te ba’w pouvwa-a, ni se pat yon bann pye bannann, men
pito se te « nou menm », pèp ayisyen-an, ki te eli’w ; antouka se sa nou te panse.
Prezidan, mwen pa chwazi ekri’w pa aza, mwen ekri’w paske konstitisyon-an ki
se manman lwa peyi-a di ke ou se moun ki la pou asire bon fonksyònman tout
enstitisyon yo, sa vle di tou senpleman si peyi-a lòk ou se premye responsab,
menm lè ke de jou an jou w’ap eseye dezangaje’w de responsabilite’w.
Prezidan, mwen pa ekri’w paske opozisyon divize san vizyon, san konsyans lan
mande pou’w kite pouvwa-a. Mwen pa ekri’w nonplis paske boujwazi, oligachi
santi di ki te goumen pou mete’w sou pouvwa-a vle jete’w. Mwen ekri’w paske’m
se yon ayisyen tankou yon pakèt lòt, ki bouke, ki pa kapab ankò. Mwen ekri’w
paske, pèp la mande chanjman, pèp la vle viv.

Mwen ta renmen raple’w Prezidan ke li toutafè lejitim pou yon pèp ki fin vote’w,
si’w pap regle anyen, reklame demisyon’w. Se menm jan ak yon fanm ki fin
marye ak yon nonm, si li pa santi’l byen avèk li, si li pa gen kè kontan, se tristès
toutan, se move lavi chak jou, se nòmal pou li mande divòs. Pèp la reklame divòs
Prezidan…
Nan demokrasi, se pèp ki bay pouvwa, se pèp ki pran pouvwa, e se règ jwèt la.
Nan kontra sosyal pèp la te swadizan siyen avè’w la, li mande revoke’l pliske pa
gen rezilta.
Mouche Prezidan, mwen pap tounen sou detay ki fè ou rive prezidan, ni mwen
pap tounen sou listwa, paske mwen panse ke desepsyon pèp la makonnen ak move

lavi vin fè’l gen ase konprann ak ase matirite pou’l estime ke plas ou pa kote’l ye-
a. Nan ti korespondans sa-a, mwen pap akize menm jan ak Emile Zola te fè nan

« J’accuse », m’ap pito atire atansyon’w nan lide pou konsyantize’w sou
sitiyasyon peyi-a ap travèse depi kèk jou ke ou deside minimize.
Mwen ta renmen raple’w ke peyi-a ap travèse yon kriz politik depi plis pase yon
lane ki difisil anpil. Kòm prezidan, ou montre a klè ke’w pa gen kapasite ni
konpetans pou’w dirije yon peyi e pran bon jan desizyon. Prezidan pèmèt mwen
di’w ke yon peyi pa yon jwèt aza, kidonk peyi-a pa ka gouvènen nan tatonnen.
Mwen remake ke pi gwo pwopozisyon’w fè se fo dyalòg san okenn metòd, ki pito
sanble ak yon tantativ pou pwoteje yon modèl akayik, yon sistèm, ke tout sitwayen

konsekan rejte, olye ou chèche yon solisyon pou’w retire nou nan twou fènwa sa-
a, ou pito ap chèche fèmen nou pi fon anndan sistèm nan. Prezidan fòk ou admèt

ke’w echwe !
Prezidan an’n fè yon ti dyaloge sou sa yo rele kriz anndan yon peyi, pliske ta
sanble pou ou menm ak tout ekip ou, peyi-a ap byen mache.
Kisa ki yon kriz politik Prezidan ?

Yon kriz politik se yon evènman ki karakterize pa pi wo degre soufrans yon
popilasyon, ki charye kontradiksyon ak ensètitid ; evènman sila-a kapab debouche
sou vyolans, emet, grèv, manifestasyon, revòl, gè sivil, elatriye. Se yon moman
patikilye nan demokrasi kote peyi-a « malad, li gen yon absè » jiskaske opinyon
piblik, tout sektè nan lavi nasyonal e menm kèk eleman nan entènasyonal la ki
gen enterè yo nan peyi-a, dekouvri maladi sa-a, e mande pou kreve absè sa-a.
Prezidan peyi ya an kriz ! Peyi ya malad ! Pèp la mande medikaman ! Prezidan
an’n admèt ke ou pa montre ke ou gen remèd ki ka geri maladi sa-a.
Nan tout kriz Prezidan, gen yon anje politik majè. Antouka, mwen espere ke ou
konprann sa-a e ou pa minimize’l tou. Listwa montre nou ke lè’w kenbe tèt ak
yon revandikasyon popilè, nan chèche minimize pòte mouvman sila-a ke’l se yon
ti mouvman, l’ap fini pa eklate. Se sou chimen sa nou ye la ekselans. Nou ka pran
egzanp de revolisyon fransè yo nan lane 1789, revolisyon bòlchevik an 1917,
soulèvman kont Divalye an 1986, prentan arab soti nan lane 2010 pou rive nan
lane 2012, ak yon bann ak pakèt lòt ankò. Kite’m di’w ke tout mouvman sa yo ke
mwen site la te debouche sou gè sivil.
Èske se sò sa ou rezève pou peyi-a ? Kisa’w deside fè Prezidan, kenbe tèt toujou
malgre ou p’ap dirije anyen ? Ou pa panse li t’ap pi saj pou’w koute kri pèp la ki
pa kapab ankò ?
Kisa ki pwovoke yon kriz Prezidan ?
Prezidan èske w’ap dakò avè’m si’m di’w ke se movèz alimantasyon ki pwovoke
konstipasyon ? Enben se menm jan pou yon peyi, se movèz jesyon, movèz
gouvènans, grangou, koripsyon, enjistis sosyal, eksklizyon, se tou senpleman
absans de sa yo rele yon Eta de dwa ki pwovoke kriz politik.
Ekspè nan zafè kriz politik detèmine 2 kategori kriz ki se : kriz rejim ak sa yo rele
kriz enstitisyonèl. Si premye-a jis mande yon altènans nan gouvènman-an, sa ke
nou eseye ki pa janm ka mache jiskaprezan, dezyèm nan menm mande yon

chanjman radikal jis nan zo. N’ap fè yon ti kanpe sou dezyèm nan prezidan, mwen
garanti’w mwen pap dire twòp, paske fòk ou al travay sou pwochen emisyon
pwopagann ou yo !
Poukisa pèp la vle yon chanjman radikal ?
Depi kèk tan sistèm politik aktyèl la nan tout branch li montre a klè inefikasite’l
ak inadaptabilite’l a reyalite ke n’ap viv an Ayiti. Se yon verite etabli. Non sèlman
sa vin rann ke nou atenn yon nivo kote nou pa ka fè bak ankò ni avanse, men tou
sa rann ke sitiyasyon-an ap anvlimen de jou an jou, san ke nou pa kapab pote
okenn solisyon konkrè ; se sistèm nan ki se sèl responsab. Depi plizyè lane tout
rejim ki monte sou pouvwa-a montre a klè ke yo pat prepare pou sa, repete menm
erè yo, e se rezon echèk anpil gouvènman. Li klè kou dlo kokoye ke rejim ou-an
rantre nan menm demach sa-a. Se sak fè tout gouvènman ou yo parèt enkonpetan,
initil, inadapte e danjere, san okenn pwogram konstrikstif ni okenn politik piblik
kòrèk ki adapte a reyalite sosyal, ekonomik ak politik peyi-a.
Entèvansyon ke w’ap fè tribò babò nan laprès san tèt ni ke, san okenn preparasyon
ak metriz, montre a klè ke ou se yon amatè nan politik, e ou pa evalye pòte kriz
sila-a, oubyen ou jis ap chèche etoufe kriz la. Ou jis ap enpwovize, rete chita tann
yon solisyon mirak ak yon kout bagèt majik. Nan dènye entèvansyon ou yo, ou
ensiste sou sistèm ke w’ap goumen kont li, san ke ou pa defini kisa ki sistèm nan
ni kiyès kifè pati de sistèm sa-a. Prezidan èske ou sèten ke ou pa fè pati de sistèm
sa w’ap pale-a ? Èske se pa non’w ki site nan eskandal koripsyon, sifaktirasyon,
izaj de fo… ? Èske se pa ou menm k’ap eseye pwoteje yon gwoup ki deklare tèt
yo bandi legal, jis pa rekonesans oubyen pa lachte ? Èske se pa gouvènman’w lan
ki vle etoufe dosye PetroCaribe-a ? Èske nan tout peyi kote Leta fò, ou pa ta sipoze
ap reponn kesyon lajistis ? Se pou tout rezon sa yo, pèp la vle yon chanjman
radikal, e chanjman sila-a sipoze kòmanse nan tèt rive jis nan zòtèy. Prezidan
batay sa-a pa yon batay kont ou menm sèlman, se yon batay kont tout eleman ki
nan sistèm lan. Ou pa bezwen pè se pa sèl ou k’ap tonbe.

Chanjman radikal sa-a sipoze fèt pa pèp la e pou pèp la. Chimen pou demokrasi-
a kapab trase lè ke pèp la kapab remèt an koz yon rejim sanginè, ilejitim,

enkonpetan… Se sa pèp la ap mande Prezidan.
Antouka, mwen te pwomèt ou ke mwen pap dire twòp, e pou kesyon metodoloji
mwen pap ekri twòp tou, menm si gen anpil bagay pou’n ta pale. Lèt sila-a se jis
yon mizangad sou sa ki pra’l pase nan peyi-a paske kriz la depase estad
konjonktirèl, se yon kriz enstitisyonèl/sistemik li ye Prezidan, ki sou wout
debouche sou yon kanaj. Nan fason w’ap aji pou minimize revandikasyon pèp la
pap itil ou anyen, se pito mete klou sou maklouklou. Prezidan lage avèti pa touye
kokobe. Kreyòl pale Kreyòl konprann !
Ekselans mwen pap akize’w, men kòm sitwayen mwen ta renmen konnen kiyès
ki responsab de ensekirite k’ap ravaje peyi-a ? Kiyès ki responsab de zak
antwopofaji (kanibalis/moun k’ap manje moun) k’ap monte nan sosyete-a, ke tout
otorite konsène deside fèmen je sou sa ? Kiyès ki responsab de timoun yo ki pa
ka ale lekòl ? Kiyès ki responsab de byen moun k’ap detwi yo ? Kiyès ki
responsab de ti machann yo ki pa ka pran lari ? Kiyès ki responsab le fèt ke
dyaspora pa ka rantre nan peyi’l ?
Prezidan mwen pap dakò pou’w di’m ke se opozisyon ki responsab ni mwen pap
dakò pou’w di’m tou ke se boujwazi enfliyansè ki responsab, paske ou te gen yon
manda pou’w dirije men pa pou’w rete chita gade. Yon prezidan pa la pou akize,
pou kreye divèsyon, pou dezangajel de responsabilite l’, yon prezidan la pou pote
solisyon, pou pran desizyon, pou pote chanjman. Men malerezman ou sanble bliye
poukisa pèp la te vote’w, oubyen ou tou senpleman inyore wòl ak konpetans yon
prezidan.
Se pou tout rezon sa yo ke pèp la mande demisyon’w Prezidan. Yon pouvwa ki
pa ka reponn ak revandikasyon pèp la se yon pouvwa sanginè, ilejitim e
enkonstitisyonèl, paske nan preyanbil konstitisyon 87 la, politik gouvènmantal yo
dwe baze sou libète fondamantal ak respè dwa moun, lapè sosyal, ekite ekonomik,

konsètasyon ak patisipasyon tout popilasyon-an nan desizyon ki angaje lavi
nasyonal. Èske’w panse ke pouvwa’w la garanti tout bagay sa yo ?
Pou’m fini Prezidan m’ap kite’w ak pwovèb kreyòl sa-a ki petèt kapab rezime
tout sa’m di yo la-a : « Zòrèy ou pa fèt pou pi long ke tèt ou ». Se yon pawòl sajès
ke anpil ayisyen aprann men pa janm mete an aplikasyon, mwen envite’w medite
sou sa.

Nan lespwa ke w’ap demisyone, mwen voye salitasyon’m ak tout respè’m pou ou
ekselans Jovnèl Moyiz, Ayibobo.

Wildy Taylor Lorthé, sitwayen Ayisyen

Publicités

Laisser un commentaire

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.

%d blogueurs aiment cette page :
Aller à la barre d’outils