Manolo Gabbadiani du Sampdoria, un deuxième joueur testé positif en Série A Italienne

Le Coronavirus continue de se répandre en Italien. En effet, après la nouvelle de la contamination de Daniel Rugani, défenseur central de la Vieille Dame, un autre joueur de la Série A Italienne est testé positif du Coronavirus. Il s’agit bien de Manolo Gabbadiani.

Joueur et attaquant de l’équipe première de la Sampdoria de Gênes, Manolo Gabbadiani âgé de 28 ans est testé positif du Coronavirus. Et le club a annoncé la nouvelle ce jeudi après-midi depuis la ville de Gênes sur son compte Twitter officiel.

Ce nouveau cas de contamination vient d’augmenter à deux, les joueurs de la Série Italienne ayant affectés par l’épidémie du Coronavirus.

Face à la propagation à grande échelle du Coronavirus, le gouvernement italien de concert avec le comité olympique italien, a observe une suspension de toutes les activités sportives en Italie principalement la Série A, qui devrait reprendre droit le 3 avril prochain.

LIFAR leve vya li pou li di NON ak tout fom vyolans kap fet sou fanm

Lig Fanm Ayisièn’n pou rekonstriksyon ( LIFAR) leve vwa li pou li denonse ak tout fos tout kalite sak vyolans kap fèt sou fanm. Nan yon nòt pou lapwès ke LIFAR fè Agence en ligne presslakay jwen yon kopi,Lig Fanm Ayisièn’n entèpele divès kouch nan sosyetea tankou òganizasyon fanm, òganizasyon dwa moun, legliz yo, vodouyizan yo, lapwès pou yo rantre nan yon konbit pou nou kwape tout fòm vyolans kap fet sou fanm ak ti fi … Ann li Nòt pou lapwès LIFAR a.

 

Nòt pou lapwès

Lig Fanm Ayisyen’n pou Rekonstriksyon LIFAR, vle felisite tout òganizasyon, asosyasyon, estrikti kap travay pou kwape tout fòm vyolans kap fèt sou fanm ak ti fi, nan jounen 25 novanm sa, ki se jounen entènasyonal vyolans kap fet sou fanm.

Lè nou konsidere sou 3 fanm gen yon kap sibi vyolans konjigal ki fè gen 800 milyon fanm nan mond la kap sibi vyolans;

Lè nou konsidere zak kap fèt sou fanm ak ti fi pandan peryòd kriz la kote nan anpil zòn, anpil komin gen neg sitou neg ak zam kap vyole fanm ak ti fi si tou minè tankou 2 ti fi Jeremi yo;

LIFAR leve vwa li , pou li kondane tout zak vyolans sa yo kap fèt sou fanm ak ti fi, nan yon peyi kote lamizè ak ensekirite blayi kò li sou do popilasyon an epi ki di popilasyon di plis fanm epi ki mete avni peyi a an danje, devlopman an menase, epi sa dwe konsène tout moun.

LIFAR vle entèpele tout kouch sosyal yo sou problèm vyolans sa a kap fèt sou fanm ak ti fi epi LIFAR mande tout òganizasyon fanm, òganizasyon dwa moun, legliz yo, vodouyizan yo, lapwès pou yo rantre nan yon konbit pou nou kwape tout fòm vyolans kap fet sou fanm ak ti fi, zak lachete sa yo kote se sèl nèg ki pa gason kap profite estati yo, nan nivo sosyal yo zam yo elatriye pou fè fanm ak ti fi mal, fanm ak ti fi ki senbolize manman yo ak sè yo;

LIFAR vle atire atansyon tout otorite moral, otorite politik, polisye, otorite jidisyè sou fom vyolans sa yo ki se yon danje pou lavni ak sivi peyi dayiti, paske lè yon fanm ou yon ti fi sibi fòm vyolans sa yo, se twal sosyal la ou dechire ti kal pa ti kal, se avni ti moun yo ki menase, se enstitisyon yo ki frajilize…

LIFAR pwofite jou 25 novanm sa a, ki se jounen entènasyonal vyolans kap fet sou ti fanm ak ti fi, pou li leve vwal pou li lanse yon kri pou fanm ki pa ka pale yo eoi kap rele sekou, ki bezwen solidarite tout moun paske se tout sosyete a kap sibi rezilta zak vyolans sa yo kap fèt sou fanm ak ti fi.

LIFAR ap fini pou li di Aba tout zak vyolans kap fèt sou fanm ak ti fi pandan lap relanse yon apel bay tout òganizasyon fanm ak tout kouch sosyal pou nou mete ansanm pou denonse zak sa yo, pote solidarite ba yo, akonpaye yo leve kanpe kounye pou fanm ak ti fi sa yo. Paske si nou pa fè sa Kounye, sosyete a ap kontinye viktim zam malonèt sa yo .

Pou Komite :
Pedrica Saint-Jean
Kòdonatris Jeneral

Risk sa ka genyen lè moun ap koupe pye bwa pou fè barikad

 

Gen kèk tan nan moman kriz yo, pou pwotestatè yo fè revandikasyon yo pase, nou konstate yo itilize pye bwa yo anpil. Yo koupe yo, alonje yo tou long nan mitan wout pou sèvi kòm barikad.

Boule kawoutchou ak gaye fatra nan tout la ri se deja yon gro malè nou pandye sou pwòp tèt nou, tèt fanmi nou ak zanmi nou. Koupe pye bwa yo menm se pi grav paske non sèlman nou livre ak tout vye jèm maladi ki ka lakoz gwo epidemi men tou lakoz inondasyon, erozyon, glisman teren.

Mòd pratik sa yo degrade pi plis anviwonman nou, mete andanje tèt nou ak pwòch nou, peyi nou e mond lan.

Menm jan pye bwa jwe yon gwo wòl nan ekosistèm nan, li jwe yon gwo wòl tou nan sa ki gen a wè ak vi moun . Tankou, nou sèvi ak yo pou fè remèd, yo prodwi manje pou nou manje, yo voye bon frechè pou nou sitou nan epòk chalè ; (lè wou resi pase anba yon pye bwa se yon paradi ; ou santi se la wou ta rete).

Pye bwa yo lite kont erozyon, yo pwoteje nou kont inondasyon, rasin yo pirifye dlo sous yo ; li proteje rivyè yo, fèy yo pirifye lè n ap respire a ; yo pran pousyè yo ak tout move lè yo, transfòme yo an oksijèn pou pèmèt nou respire e viv, elatriye….

Pandan n ap fè revandikasyon yo pase, an n epanye pye bwa yo, ann pwoteje anviwonman nou paske proteje anviwonman nou, se proteje tèt nou ak pwòch nou epi kite yon avni asire pou sila yo k ap vini, se pwoteje peyi nou ak rès mond lan .

Pa bliye yon pye bwa vo lò !!!

JOSEPH Jude

Lèt tou louvri pou ekselans Prezidan Jovnèl Moyiz

Wildy Taylor Lorthé
Wildy Taylor Lorthé

Rezon lèt la : Lèt tou louvri pou ekselans Prezidan Jovnèl Moyiz

Prezidan Moyiz,
Mwen pèmèt mwen ekri’w lèt sa pandan m’ap karese rèv ke w’ap gen posibilite
pou’w li’l. Mwen ekri’w lèt sila-a kòm sitwayen ayisyen, e kòm moun ki konn sa
ki rele viv e ki ta renmen frè’l ak sè’l yo viv.
Pou’m kòmanse, antan ke sitwayen, elektè, mwen ta renmen fè’w konprann ke se
pat yon bann zannimo ki te ba’w pouvwa-a, ni se pat yon bann pye bannann, men
pito se te « nou menm », pèp ayisyen-an, ki te eli’w ; antouka se sa nou te panse.
Prezidan, mwen pa chwazi ekri’w pa aza, mwen ekri’w paske konstitisyon-an ki
se manman lwa peyi-a di ke ou se moun ki la pou asire bon fonksyònman tout
enstitisyon yo, sa vle di tou senpleman si peyi-a lòk ou se premye responsab,
menm lè ke de jou an jou w’ap eseye dezangaje’w de responsabilite’w.
Prezidan, mwen pa ekri’w paske opozisyon divize san vizyon, san konsyans lan
mande pou’w kite pouvwa-a. Mwen pa ekri’w nonplis paske boujwazi, oligachi
santi di ki te goumen pou mete’w sou pouvwa-a vle jete’w. Mwen ekri’w paske’m
se yon ayisyen tankou yon pakèt lòt, ki bouke, ki pa kapab ankò. Mwen ekri’w
paske, pèp la mande chanjman, pèp la vle viv.

Mwen ta renmen raple’w Prezidan ke li toutafè lejitim pou yon pèp ki fin vote’w,
si’w pap regle anyen, reklame demisyon’w. Se menm jan ak yon fanm ki fin
marye ak yon nonm, si li pa santi’l byen avèk li, si li pa gen kè kontan, se tristès
toutan, se move lavi chak jou, se nòmal pou li mande divòs. Pèp la reklame divòs
Prezidan…
Nan demokrasi, se pèp ki bay pouvwa, se pèp ki pran pouvwa, e se règ jwèt la.
Nan kontra sosyal pèp la te swadizan siyen avè’w la, li mande revoke’l pliske pa
gen rezilta.
Mouche Prezidan, mwen pap tounen sou detay ki fè ou rive prezidan, ni mwen
pap tounen sou listwa, paske mwen panse ke desepsyon pèp la makonnen ak move

lavi vin fè’l gen ase konprann ak ase matirite pou’l estime ke plas ou pa kote’l ye-
a. Nan ti korespondans sa-a, mwen pap akize menm jan ak Emile Zola te fè nan

« J’accuse », m’ap pito atire atansyon’w nan lide pou konsyantize’w sou
sitiyasyon peyi-a ap travèse depi kèk jou ke ou deside minimize.
Mwen ta renmen raple’w ke peyi-a ap travèse yon kriz politik depi plis pase yon
lane ki difisil anpil. Kòm prezidan, ou montre a klè ke’w pa gen kapasite ni
konpetans pou’w dirije yon peyi e pran bon jan desizyon. Prezidan pèmèt mwen
di’w ke yon peyi pa yon jwèt aza, kidonk peyi-a pa ka gouvènen nan tatonnen.
Mwen remake ke pi gwo pwopozisyon’w fè se fo dyalòg san okenn metòd, ki pito
sanble ak yon tantativ pou pwoteje yon modèl akayik, yon sistèm, ke tout sitwayen

konsekan rejte, olye ou chèche yon solisyon pou’w retire nou nan twou fènwa sa-
a, ou pito ap chèche fèmen nou pi fon anndan sistèm nan. Prezidan fòk ou admèt

ke’w echwe !
Prezidan an’n fè yon ti dyaloge sou sa yo rele kriz anndan yon peyi, pliske ta
sanble pou ou menm ak tout ekip ou, peyi-a ap byen mache.
Kisa ki yon kriz politik Prezidan ?

Yon kriz politik se yon evènman ki karakterize pa pi wo degre soufrans yon
popilasyon, ki charye kontradiksyon ak ensètitid ; evènman sila-a kapab debouche
sou vyolans, emet, grèv, manifestasyon, revòl, gè sivil, elatriye. Se yon moman
patikilye nan demokrasi kote peyi-a « malad, li gen yon absè » jiskaske opinyon
piblik, tout sektè nan lavi nasyonal e menm kèk eleman nan entènasyonal la ki
gen enterè yo nan peyi-a, dekouvri maladi sa-a, e mande pou kreve absè sa-a.
Prezidan peyi ya an kriz ! Peyi ya malad ! Pèp la mande medikaman ! Prezidan
an’n admèt ke ou pa montre ke ou gen remèd ki ka geri maladi sa-a.
Nan tout kriz Prezidan, gen yon anje politik majè. Antouka, mwen espere ke ou
konprann sa-a e ou pa minimize’l tou. Listwa montre nou ke lè’w kenbe tèt ak
yon revandikasyon popilè, nan chèche minimize pòte mouvman sila-a ke’l se yon
ti mouvman, l’ap fini pa eklate. Se sou chimen sa nou ye la ekselans. Nou ka pran
egzanp de revolisyon fransè yo nan lane 1789, revolisyon bòlchevik an 1917,
soulèvman kont Divalye an 1986, prentan arab soti nan lane 2010 pou rive nan
lane 2012, ak yon bann ak pakèt lòt ankò. Kite’m di’w ke tout mouvman sa yo ke
mwen site la te debouche sou gè sivil.
Èske se sò sa ou rezève pou peyi-a ? Kisa’w deside fè Prezidan, kenbe tèt toujou
malgre ou p’ap dirije anyen ? Ou pa panse li t’ap pi saj pou’w koute kri pèp la ki
pa kapab ankò ?
Kisa ki pwovoke yon kriz Prezidan ?
Prezidan èske w’ap dakò avè’m si’m di’w ke se movèz alimantasyon ki pwovoke
konstipasyon ? Enben se menm jan pou yon peyi, se movèz jesyon, movèz
gouvènans, grangou, koripsyon, enjistis sosyal, eksklizyon, se tou senpleman
absans de sa yo rele yon Eta de dwa ki pwovoke kriz politik.
Ekspè nan zafè kriz politik detèmine 2 kategori kriz ki se : kriz rejim ak sa yo rele
kriz enstitisyonèl. Si premye-a jis mande yon altènans nan gouvènman-an, sa ke
nou eseye ki pa janm ka mache jiskaprezan, dezyèm nan menm mande yon

chanjman radikal jis nan zo. N’ap fè yon ti kanpe sou dezyèm nan prezidan, mwen
garanti’w mwen pap dire twòp, paske fòk ou al travay sou pwochen emisyon
pwopagann ou yo !
Poukisa pèp la vle yon chanjman radikal ?
Depi kèk tan sistèm politik aktyèl la nan tout branch li montre a klè inefikasite’l
ak inadaptabilite’l a reyalite ke n’ap viv an Ayiti. Se yon verite etabli. Non sèlman
sa vin rann ke nou atenn yon nivo kote nou pa ka fè bak ankò ni avanse, men tou
sa rann ke sitiyasyon-an ap anvlimen de jou an jou, san ke nou pa kapab pote
okenn solisyon konkrè ; se sistèm nan ki se sèl responsab. Depi plizyè lane tout
rejim ki monte sou pouvwa-a montre a klè ke yo pat prepare pou sa, repete menm
erè yo, e se rezon echèk anpil gouvènman. Li klè kou dlo kokoye ke rejim ou-an
rantre nan menm demach sa-a. Se sak fè tout gouvènman ou yo parèt enkonpetan,
initil, inadapte e danjere, san okenn pwogram konstrikstif ni okenn politik piblik
kòrèk ki adapte a reyalite sosyal, ekonomik ak politik peyi-a.
Entèvansyon ke w’ap fè tribò babò nan laprès san tèt ni ke, san okenn preparasyon
ak metriz, montre a klè ke ou se yon amatè nan politik, e ou pa evalye pòte kriz
sila-a, oubyen ou jis ap chèche etoufe kriz la. Ou jis ap enpwovize, rete chita tann
yon solisyon mirak ak yon kout bagèt majik. Nan dènye entèvansyon ou yo, ou
ensiste sou sistèm ke w’ap goumen kont li, san ke ou pa defini kisa ki sistèm nan
ni kiyès kifè pati de sistèm sa-a. Prezidan èske ou sèten ke ou pa fè pati de sistèm
sa w’ap pale-a ? Èske se pa non’w ki site nan eskandal koripsyon, sifaktirasyon,
izaj de fo… ? Èske se pa ou menm k’ap eseye pwoteje yon gwoup ki deklare tèt
yo bandi legal, jis pa rekonesans oubyen pa lachte ? Èske se pa gouvènman’w lan
ki vle etoufe dosye PetroCaribe-a ? Èske nan tout peyi kote Leta fò, ou pa ta sipoze
ap reponn kesyon lajistis ? Se pou tout rezon sa yo, pèp la vle yon chanjman
radikal, e chanjman sila-a sipoze kòmanse nan tèt rive jis nan zòtèy. Prezidan
batay sa-a pa yon batay kont ou menm sèlman, se yon batay kont tout eleman ki
nan sistèm lan. Ou pa bezwen pè se pa sèl ou k’ap tonbe.

Chanjman radikal sa-a sipoze fèt pa pèp la e pou pèp la. Chimen pou demokrasi-
a kapab trase lè ke pèp la kapab remèt an koz yon rejim sanginè, ilejitim,

enkonpetan… Se sa pèp la ap mande Prezidan.
Antouka, mwen te pwomèt ou ke mwen pap dire twòp, e pou kesyon metodoloji
mwen pap ekri twòp tou, menm si gen anpil bagay pou’n ta pale. Lèt sila-a se jis
yon mizangad sou sa ki pra’l pase nan peyi-a paske kriz la depase estad
konjonktirèl, se yon kriz enstitisyonèl/sistemik li ye Prezidan, ki sou wout
debouche sou yon kanaj. Nan fason w’ap aji pou minimize revandikasyon pèp la
pap itil ou anyen, se pito mete klou sou maklouklou. Prezidan lage avèti pa touye
kokobe. Kreyòl pale Kreyòl konprann !
Ekselans mwen pap akize’w, men kòm sitwayen mwen ta renmen konnen kiyès
ki responsab de ensekirite k’ap ravaje peyi-a ? Kiyès ki responsab de zak
antwopofaji (kanibalis/moun k’ap manje moun) k’ap monte nan sosyete-a, ke tout
otorite konsène deside fèmen je sou sa ? Kiyès ki responsab de timoun yo ki pa
ka ale lekòl ? Kiyès ki responsab de byen moun k’ap detwi yo ? Kiyès ki
responsab de ti machann yo ki pa ka pran lari ? Kiyès ki responsab le fèt ke
dyaspora pa ka rantre nan peyi’l ?
Prezidan mwen pap dakò pou’w di’m ke se opozisyon ki responsab ni mwen pap
dakò pou’w di’m tou ke se boujwazi enfliyansè ki responsab, paske ou te gen yon
manda pou’w dirije men pa pou’w rete chita gade. Yon prezidan pa la pou akize,
pou kreye divèsyon, pou dezangajel de responsabilite l’, yon prezidan la pou pote
solisyon, pou pran desizyon, pou pote chanjman. Men malerezman ou sanble bliye
poukisa pèp la te vote’w, oubyen ou tou senpleman inyore wòl ak konpetans yon
prezidan.
Se pou tout rezon sa yo ke pèp la mande demisyon’w Prezidan. Yon pouvwa ki
pa ka reponn ak revandikasyon pèp la se yon pouvwa sanginè, ilejitim e
enkonstitisyonèl, paske nan preyanbil konstitisyon 87 la, politik gouvènmantal yo
dwe baze sou libète fondamantal ak respè dwa moun, lapè sosyal, ekite ekonomik,

konsètasyon ak patisipasyon tout popilasyon-an nan desizyon ki angaje lavi
nasyonal. Èske’w panse ke pouvwa’w la garanti tout bagay sa yo ?
Pou’m fini Prezidan m’ap kite’w ak pwovèb kreyòl sa-a ki petèt kapab rezime
tout sa’m di yo la-a : « Zòrèy ou pa fèt pou pi long ke tèt ou ». Se yon pawòl sajès
ke anpil ayisyen aprann men pa janm mete an aplikasyon, mwen envite’w medite
sou sa.

Nan lespwa ke w’ap demisyone, mwen voye salitasyon’m ak tout respè’m pou ou
ekselans Jovnèl Moyiz, Ayibobo.

Wildy Taylor Lorthé, sitwayen Ayisyen

Konsè katouch: Ou te tande zam ki t’ap chante yo yè swa?

“Klaw klaw”, “pow pow”, “kata kata”, “biw biw”, yè swa se ak son sa yo anpil moun nan kapital la dòmi. Son yo pa t twò diferan pou moun Lali, Poupla, Chanmas ak anviwon l yo, Dèlma, Nazon, Wout Ayewopò… Konsè katouch te pran vil la pou li.

Li te ka 11 zè nan aswè, mwen apèn ap gade yon dokimantè sou YouTube sou “istwa mezon blanch”, apre yon ti tan, anpil detonasyon ke m t ap viv fè m santi m ap swiv dokimantè YouTube sou peyi Siri tèlman zam chante tankou lasigal.

Dèfwa mwen tande son an pre, si kay mwen te an tòl mwen t ap kouri rantre anba kabann tèlman mwen frikat. Dèfwa mwen tande son an trè lwen (kòmkwa moun yo repliye). Dèfwa mwen gen enpresyon yon gwoup tire epi advèsè a reponn li pou l di l: Mwen gen bagay tou nan menm, pa vin fè k*** la. Chak son diferan, mezi zam ou, mezi son w.

Fò m di nou, li vrèman difisil pou m ta di se lapolis ki t ap tire ak sivil ame, se gwoup ame ak gwoup ame. Men, nou pa egare, nou konnen se pa zonbi ki t ap tire yè swa.

Gon moman, mwen panse se sèl bò lakay mwen ki tounen La Siri epi rès peyi a se Nouyòk (li safe). Kèk èd tan apre (vè minwi), yon zanmi ki rete wo Dèlma rele m epi l di m an blag “Jovenel ale, apa m tande pil tire (ri)…”

Mwen souri bay zanmi an epi m di l sou yon ton serye: “ou gran timoun, lè yon prezidan ale ou tande pil tire vre, men ou tande rele ki se rele kè kontan. Ou tande tire ou pa tande rele ki akonpaye l, kidonk ou nan yon fim gè san sal sinema”.

Apre ti pale ak zanmi an, mwen vin konfime pi plis se pa katye m nan sèlman ki tounen La Siri yè swa. Mwen vin ouvri entènèt mwen, dabitid gwoup Whatsapp moun pa konn pale twòp sou li zòn 1 nè di maten, lè m gade mwen wè pil mesaj, mwen santi bagay tire a anpil kote. Anpil kòmantè kote sitwayen yo fè konnen yo enkyè parapò ak tout katouch sa yo. Kòmantè yo pa t vrèman diferan paske prèske tout moun se menm son yo yo tande, prèske menm bagay yo y ap viv anndan kay yo.

Skason Baptiste, trè enfliyan sou rezo sosyo yo, pa t ret endiferan pou l mande moun k ap swiv li yo si yo tande sa l ap tande yo.

Nan Dèlma 37 se menm bagay la. Pil katouch, abitan zòn sa tande gwo machin k ap pase (tankou y ap etwaye lari a). Enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon ajans lan ta fè kwè gaz lakrimojèn lanse nan zòn sa ki ta lakoz yon ti bebe pran ladan l.

Poukisa pil tire sa yo

Pa janm bliye sa, n ap viv nan yon peyi kote sa fè plizyè lane moun isi fè tout zam legal. Yon peyi kote grangou ak chomaj se yon pwoblèm grav, poutan zam ak katouch lage nan geto tankou grenn pinèz nan matla. Se pa mwen ki pral di w jounal Le Nouvelliste rapòte ke komisyon dezameman an fè konnen li resanse anviwon 76 gang ame sou bout tè papa Desalin lan. N ap viv yon kriz miltidimansyonèl egzajere ki atenn yon nivo santi di kote opozisyon ak pouvwa ap jwe pye ak men. Ou se ayisyen, se pa mwen ki pral di w chak aktè politik bezwen gen kontwòl ti gwoup nèg ak zam li pou enterè politik. Aktyèlman, nou nan yon peyi kote lapolis ak sivil nan yon afwontman ki dejenere pi plis nan peryòd sansib sa n ap viv depi plis pase 8 semèn.

Lè nou anglobe tout sa ki di la yo, nou sou wout yon eklatman. Li t ap dwòl anpil pou w pa tande katouch nan zòrèy ou. Pou jan barikad sa yo poste nan wout la, li t ap two fasil pou fòs lòd vini epi debare lari san pa gen tire…

Lontan gen zòn se lè match, jou fèt yon otorite, jou 31 desanm ou te konn tande tire, lè m ap leve se te Bèlè, Site Solèy ak kèk lòt zòn yo te konn di ki gen gwoup ame. Fenomèn sa chanje kèk tan, sa k ap pase Matisan, Gran Ravin ak lòt kote ki repite chaje zam, se sa k pase wo Dèlma, Petyonvil, Kanapevè elatriye. Tout zam legal nan tout katye, chak zòn gen pwòp ti chèf li k ap grandi. Pa etone si n ap viv konsè katouch. Se mèt kò ki veye kò, leta febli menm li menm nan ensekirite. Pridan chè entènot!

Dimitry Charles