Prezidan Repiblik la , Ekselans Jovenel Moïse, ki te genyen bò kote l, Premyè Dam Repiblik la, Martine Moïse ak Premye Minis lan Doktè Jack Guy Lafontant, komemore nan Gonayiv, 214e ane endepandans peyi Dayiti. Seremoni sila te genyen ladan 4 gran moman : Depoze yon jèb flè nan pye moniman yo sou plas dam Gonayiv la, Tedeyòm nan katedral Gonayiv la, Parad militè ak Gran rasanbleman patriyotik.

Yon matine selebrasyon ki te dewoule nan prezans anpil otorite , minis, direktè jeneral ak palmantè, tankou prezidan asanble nasyonal la ak Prezidan chanm depite a Onorab Youri Latortue ak Onorab Cholzer Chancy ; Prezidan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, Mèt Jules Cantave, Kòmandan an chèf pou yon ti bout tan Fòs Lame Dayiti a, Ansyen kolonèl FAd’H, Jodel Lesage, Direktè Jeneral Lapolis la Michel-Ange Gedeon: Reprezantan sosyete sivil la, Klèje katolik la, Reprezantan Misyon Diplomatik ak konsilè ki nan peyi a ak popilasyon ayisyèn nan ki te reyini pou okazyon an, nan site endepandans lan.

Pandan li tap pran lapawòl , Prezidan repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse bat bravo pou jès Ewo yo epi poze tèt li kesyon sou konpòtman pèp Ayisyen an fas a gwo eritaj sa, ki se peyi Dayiti, zansèt yo kite pou nou. Li kwè, li lè li tan pou pitit peyi a mande tèt yo, kisa yo fè ak eritaj sa, soti 1804 pou rive jounen jodi a, epi kisa yo vle fè ak li, aprè 214 lane. Chèf leta a kwè, zansèt yo te trase chemen an, yo te louvri pòt la epi bann kle Kwasans ak devlopman : Valè linyon, valè jistis, jenerozite ak solidarite. Jodi a, nou dwe mete sou kote tout sa ki divize nou, pou n’di wi a chanjman nou tout ap reve a.

Ekselans lan fè konnen : « Libète ak endepandans se te rèv zansèt nou yo. Yo se siman ki te bay ewo nou yo fòs ak kouraj pou fini batay la. Se gras a sakrifis sa yo nou vin yon pèp. Yo te aksepte goumen, pou mond lan ka lib jounen jodi a. zansèt yo te leve yon gwo defi. Yo te mete tèt yo ansanm pou lite kont esklavaj ak kolonizasyon. Gras ak sakrifis epi kouraj yo, Ayiti leve drapo emansipasyon nan tout mond lan, dwa pou tout moun, gason, fanm ak timoun viv tankou tout moun, dwa pou tout pèp sou latè vin granmoun tèt yo, nan respè, lòd ak lapè ». Li te pwofite moman sila pou raple yon lòt fwa ankò kijan se inyon, kouraj ak solidarite ki te makònen zansèt yo ansanm, lè yo tap batay pou ban nou eritaj sila, ki se peyi Dayiti, manman nou tout, senbòl libète ak byen tout mond lan.

Prezidan Repiblik la, kontinye pou di : « Tout pèp, pou yon rezon oubyen yon lòt, ka toujou mize nan wout, sanl pa bliye kotel prale. Nan ka pèp Ayisyen an, ki gen anpil kouraj ak rezistans, chak fwa gen echèk ak fayit, se sou nou menm, elit peyi a, lidè yo ak dirijan politik yo responsablite yo dwe tonbe ». Ekselans lan raple tout moun, lè chanjman an sonnen, ansyen sistèm ki te chita sou mete moun sou kote, koripsyon ak kite moun fè sa yo vle a rive nan bout li, paske se mizè, eksplwatasyon ak sou devlopman li te pote sèlman.

Jounen premye janvye sa, jou endepnadans lan kwaze ak jounen mondyal lapè a. Se te tou, okazyon, pou Ekselans Jovenel Moïse fè yon rapèl sou vòt popilè ak konfyans li te jwenn nan men pèp Ayisyen an, nan eleksyon demokratik 2016 yo. Li pwomèt pou travay nan sans pou chanje kondisyon lavi popilasyon an, pandan lap satisfè preokipasyon sosyal, politik, ekonomik ak kiltirèl yo.

Pandanl tap fini diskou li a, Prezidan Jovenel Moïse fè konnen : « Nou pare pou n pran desizyon enstitisyonèl ak mezi politik ki pou rann demokrasi a pi solid. Konsa, nou dwe travay pou pwoteje anviwonman an, ogmante epi divèsifye pwodiksyon nasyonal la, lite kont koripsyon, diminye inegalite sosyal yo, nan lide pou pèmèt Ayiti antre nan lis peyi emèjan sou plan sosyal ak ekonomik yo bò lane 2030 ». Ekselans lan mete aksan sou nesesite pou tout Ayisyen anndan peyi a tankou sa ki lòtbò dlo renouvle sèman zansèt yo, ki se « Anpil men chay pal ou » (L’Union fait la Force), sa ki ap debouche sou Kwasans ekonomik, devlopman ak estabilite politik epi sosyal, libète pou gen plizyè ideyoloji nan peyi a ak ranfòsman yon demokrasi kap dire, nan lòd, lapè ak fratènite.

 

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Apprenez comment les données de vos commentaires sont utilisées.